Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
Jenèz 44:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’” 1998 Haïtienne Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l li bwè, se ak li li sèvi pou l konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm. |
Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.
Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.