Jenèz 42:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.” 1998 Haïtienne Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye. |
Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”
Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo.
Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès