Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l.
Jenèz 39:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò. 1998 Haïtienne Madanm lan vare sou misye, li kenbe li nan rad epi li di li: — Jodi a, se pou kouche ak mwen. Lè Jozèf wè li antrave vre, li chape kò li epi li met deyò. Li sove kite rad la nan men madanm lan. |
Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l.
Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la.
Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.
Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”
Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.
Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.