Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 39:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 39:10
21 Referans Kwoze  

Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.


Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.


Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.


e evite tout kalite mal.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.


Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon, e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.


Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.


Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.


Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.


Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;


Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;


Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo. Anpeche pye ou antre sou wout yo,


Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:


Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo.


Konsa, li sezi li, bo li; e ak figi byen ranje, li di li:


Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.


Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”


Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la.


Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite