Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo.
Jenèz 34:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre. 1998 Haïtienne Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dina, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen. |
Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo.
Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”
Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.
Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.
“Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse.
“Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zami mwen yo.
Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?” Epi li te di: “Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.” Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”