Jenèz 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?” 1998 Haïtienne Men, Senyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l: — Kote ou ye? |
Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”