Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
Jenèz 21:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.” 1998 Haïtienne M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou. |
Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.
Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”