Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 21:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Nan denmen, Abraram leve bonè. Li pran pen. Li plen yon galon dlo bay Aga. Li ede li chaje. Li ba li pitit la, epi li fè li pati kite kay la. Aga pati. Li mache li mache jouk li pèdi nan dezè Bècheba.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 21:14
28 Referans Kwoze  

“Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li.


Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.


Yo te mache egare nan dezè yo. Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.


Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.


Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.


men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.


Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.


Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.


Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a.


Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.


Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”


Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la Beer-Schéba jis rive jodi a.


Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”


Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.


Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.


Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.


Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a,


Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”


Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab.


Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.


Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a.


Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.


Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”


Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite