Jenèz 21:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a. 1998 Haïtienne Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil paske Izmayèl se pitit li tou. |
Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.
Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.