Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.
Jenèz 18:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”. 1998 Haïtienne Lèfini, yo mande l: — Kote Sara, madanm ou? Li reponn: — Li la wi, anndan kay la. |
Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.
Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.
Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo.
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.