Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 18:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Apre sa, li pran fwonmaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 18:8
17 Referans Kwoze  

Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li.


Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”.


Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.


Anplis, nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo.


Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.


Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.


Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.


Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’?


Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.


Li te pran l e te manje l devan yo.


Konsa, yo te prepare yon manje pou li la. Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li.


pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwe.


“Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.


Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”


Li te mande dlo; li te ba li lèt. Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite