Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
Jenèz 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. 1998 Haïtienne Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. |
Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a!
Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.