Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Se te yon gwo chasè devan Senyè a. Se poutèt sa yo di: Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 10:9
13 Referans Kwoze  

“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.


Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.


Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.


Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans.


Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.


Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.


pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm?


“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.


Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè.


Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.


Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite