Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 7:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m di nou: se pat Moyiz ki te konmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.)

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou repo a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou repo a.

Gade chapit la



Jan 7:22
6 Referans Kwoze  

Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a.


Nan uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi.


Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.


Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.