Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 7:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n ankòlè sou mwen si m geri yon moun ki te malad nan tout kò l, yon jou repo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Konsa, nou travay nan jou repo a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou repo a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou repo a?

Gade chapit la Kopi




Jan 7:23
9 Referans Kwoze  

Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan?


Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”


“‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.


Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.


Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”


Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.


Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite