Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la.
Jan 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 1998 Haïtienne Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda, nan lang ebre. |
Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la.
Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la.
Antre wo chanm nan kwen an ak Pòtay Mouton yo, òfèv yo avèk machann yo te fè reparasyon yo.
Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a.
Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha.
Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.
Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Latin ak Grèk.
Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.
Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,
Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.