Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:1
19 Referans Kwoze  

Josué te vin papa a Jojakim, Jojakim te fè Éliaschib, Éliaschib te fè Jojada,


Prèt yo avèk Levit yo te pirifye tèt yo; anplis, yo te pirifye pèp la, pòt yo avèk miray la.


Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la.


Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen.


Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè aliyans ak Tobija,


Apre li Baruc, fis a Zabbaï a te repare avèk gwo kouraj, yon lòt pòsyon soti nan ang lan jis rive devan pòt a Éliaschib la, wo prèt la.


Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la.


Antre wo chanm nan kwen an ak Pòtay Mouton yo, òfèv yo avèk machann yo te fè reparasyon yo.


Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo,


Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi.


Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.


Mache toupatou nan Sion e antoure li. Konte fò wo li yo.


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,


“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.


La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri.


“Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite