Jan 4:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te kite lavil la e t ap vin kote l. 1998 Haïtienne Moun yo sòti lavil la, yo vin jwenn Jezi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi. |
“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a.
“Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”
Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou.