Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 13:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen ankò saba pwochen pou pale sou menm bagay sa yo toujou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou repo a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 13:42
7 Referans Kwoze  

Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo.


Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”


Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”


Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”


Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita.


“Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite