Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 3:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun.

Gade chapit la



Jan 3:22
6 Referans Kwoze  

Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.


Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.


Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.


Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”


Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.