alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;
Jan 2:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm. 1998 Haïtienne Li pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm. |
alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;
Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”
Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?
“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.
Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”