Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 6:61 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

61 Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

61 Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: — Sa ofiske nou, pa vre?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

61 Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou?

Gade chapit la Kopi




Jan 6:61
8 Referans Kwoze  

“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”


Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”


Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite