“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
Jan 2:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo. 1998 Haïtienne Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. |
“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
“Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.
E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.