Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 17:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kounyeya, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo sòti.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo.

Gade chapit la



Jan 17:7
11 Referans Kwoze  

Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.


“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.


“Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.


“Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.


Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.


Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.