Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 16:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 16:15
12 Referans Kwoze  

“Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.


Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.


Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.


Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li,


Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye,


Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.


Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.


Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.


“Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite