Jan 16:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite. 1998 Haïtienne — Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa. |
men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.
Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.