Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
Jan 14:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 1998 Haïtienne Jezi reponn li: — Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? |
Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke pa gen rezirèksyon mò yo?
ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,
Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.