Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”
Jan 13:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?” 1998 Haïtienne Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!” |
Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”
Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.
Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”