Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
Jan 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 1998 Haïtienne Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. |
Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.
“Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje?
Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’?
Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a?
Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.