Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 13:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:4
9 Referans Kwoze  

Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje.


“Sipoze youn nan nou ta gen yon sèvitè k ap travay tè pou li osinon k ap gade mouton pou li. Kou sèvitè a sot nan jaden, èske mèt la ap di l: vin chita pou manje?


Natirèlman, non! Okontrè, l ap di sèvitè a: Prepare manje pou mwen pou m manje. Mare tabliye w nan tay ou, sèvi m jouktan m fin manje m fin bwè. Apre sa, ou a manje epi ou a bwè.


Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.


Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a?


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite