Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.

Gade chapit la



Jan 12:11
10 Referans Kwoze  

Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”


Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.


“Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”


Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.


Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.


Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.


Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”


Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.