Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 12:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:10
14 Referans Kwoze  

“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.


Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.


Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite