SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
Jan 11:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.” 1998 Haïtienne Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pat la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.” |
SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.
Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
Konsa pale SENYÈ a; “Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen, e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, pou M pa detwi yo tout.
Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”
Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.