Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 5:13
26 Referans Kwoze  

Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,


Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.


Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


“Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


“Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”


Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!


Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.


Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.


Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.


Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.


Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.


Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.


Temwen a se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl a, epi lavi sila se nan Fis Li.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite