Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan.

Gade chapit la



Jan 1:6
15 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.”


Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’


Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.


Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;


Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’


Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’


“Avan Li te vini Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la.