Jan 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 1998 Haïtienne Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè. |
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.
Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
“Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri.
Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.
Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
“Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
“Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.
Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.
Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”
Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a;
epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,
“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”