Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 1:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li reponn yo: — Vini non, n'a wè. Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.

Gade chapit la



Jan 1:39
11 Referans Kwoze  

Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.


Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.


Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”


Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre.


Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”


Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.


“Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.


“Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.