Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
Jan 1:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 1998 Haïtienne Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. |
Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil. Yo te kesyone L byen pre sou anpil sijè,
Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.
Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.