Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem?
Jak 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 1998 Haïtienne Nou pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt. |
Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem?
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. Soti lajounen rive nan lannwit, Ou va fè yon fen ak mwen.
e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.
Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.
Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.