Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Okontrè, ou ta dwe di: “Si Senyè a vle, n ap viv epi n ap fè sa oubyen sa.”

Gade chapit la Kopi




Jak 4:15
10 Referans Kwoze  

Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?


men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.


Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou.


pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.


Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.


Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.


Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.


Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite