Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jak 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou mete mò nan bouch chwal pou fè li obeyi nou. Avèk sa, nou fè li ale kote nou vle.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo.

Gade chapit la



Jak 3:3
7 Referans Kwoze  

Epi akoz laraj ou kont Mwen, akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen, pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou, ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou, epi Mwen va vire ou fè ou fè bak pa menm chemen ke ou te antre a.”


Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?


Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.


Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.


Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”


Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.


Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito.