Jak 3:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo. 1998 Haïtienne Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis. |
Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.
Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
Simen a nou menm anvè ladwati, rekòlte selon ladousè. Fann tè ki poze ou a; se lè pou chache SENYÈ a jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.
“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.
Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.