“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
Jak 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 1998 Haïtienne Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l. |
“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.
Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,
Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay.
Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’
pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kont Li.”