Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nenpòt moun k ap fè peche, li dezobeyi lalwa Bondye tou, paske peche se dezobeyisans lalwa Bondye.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:4
17 Referans Kwoze  

Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.


Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.


Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”


Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.


Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.


Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.


Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”


Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.


Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,


Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.


si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: ‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’


Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.


Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.


Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite