si ou vide nanm ou a sila ki grangou, e satisfè dezi a aflije a; nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa, e tristès ou va klere kon gran lajounen.
Jak 2:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 1998 Haïtienne Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje, Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. |
si ou vide nanm ou a sila ki grangou, e satisfè dezi a aflije a; nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa, e tristès ou va klere kon gran lajounen.
Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,
Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.
Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.
Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—
Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?
Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?