Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun kon sa kapab di lanmou Bondye rete nan li?

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:17
17 Referans Kwoze  

Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.


Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.


Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou,


Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.


Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite