Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
Filipyen 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 1998 Haïtienne Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan! |
Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.
kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.
Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.