Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Filemon 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Kounyeya, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Senyè a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.

Gade chapit la



Filemon 1:16
10 Referans Kwoze  

“Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.


Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”


Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.


Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.


Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.


Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.