Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.
Estè 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, Zérescha. 1998 Haïtienne men li pa kite moun wè sa, epi l'al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, li kache kolè l la epi l ale lakay li. Lè l rive lakay li rasanble zanmi l yo ak tout madanm li Zerèch. |
Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.
Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.
Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”