Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.
Estè 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.” 1998 Haïtienne Epi wa a di l konsa: — Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Wa a di Aman konsa: “Ou ka kenbe lajan w lan, men ou mèt fè sa ou vle ak bann moun sa yo.” |
Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.
Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.
Men pou mwen menm, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an.
Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.